Solèy la
Solèy la leve
Pou fènwa kankannen
Solèy la leve
Pou lespwa boujonnen
Lavi malere pa fasil
Nèg andeyò kou lavil
Mizè yo goumen pou detwil
Men batay sa a difisil
Lekòl timoun pou peye
Fòk yo abiye, fòk yo manje
Piga ou panse se parese
Lè yap diw yo dekouraje
Kredi prèt fè yo anraje
Pafwa yo oblije nan kache
Lè li ak zanmi li se delivrans
Ansanm yo konn fè rezistans
Yo gen ti espwa pou demen
Si pitit yo pa detounen
Yo tout espere bon chimen
Nan yon sosyete ki degrennen
Se pa tout lè lapli pare
Epi ou panse li pral tonbe
Se pa tout lè loraj gwonde
Pou ou kòmanse ap enkyete
Yo konn anonse move tan
Tanpèt, siklòn, ouragan
Men van lespwa wete nyaj nwa
Epi fè plas ak solèy la
Solèy la leve
Pou fènwa kankannen
Solèy la leve
Pou lespwa boujonnen
Leve pran lari douvanjou
Se konsa li toujou ye chak jou
Mensi li deplase tout grangou
Chenjanbe va pote li sekou
Lè li lannuit pa gen dòmi
Deux je kale ap reflechi
Se kòmsi mta di ou li midi
Poutan li depase minui
Pase yon jounen ap bourike
Pafwa pa genyen anyen menm ki antre
Lakay ap tann kisaw pote
Timoun yo konn menm ap kriye
Sispann rele diw pa gen chans
Anvan ou pale se malchans
Responsablite pa gen laj
Ou oblije ame ou kouraj
Lite menmsi li fènwa
Lavi menm se yon konba
Pa di lanati mechan
Fòk ou bat gran pou ou vin pi gran
Si lalin nan fè ou reve
Sa ou ta renmen posede
Solèy la ba ou posiblite pou rèv sa yo reyalize
Solèy la leve
Pou fènwa kankannen
Solèy la leve
Pou lespwa boujonnen